Resous KOVID-19 pou ti biznis nan Orange

Preparatè : Wayne Eastman, JD


Nou kwè lyen sa yo ki nan dosye sa gen enfòmasyon itil, e yo kab ede nan koneksyon ak moun nan plizyè nivo, tankou : federal, eta, ak nivo lokal. Nou ap note an patikilye Kòporasyon pou Devlopman ti Biznis New Jersey a (New Jersey Small Business Development Corporation), lyen pou òganizasyon sa a anba # 2. òganizasyon sa sitiye nan Newark e nan tèt li se Leon Fraser yon pèsonèl inivèsitè lekòl biznis Rutgers (Rutgers Business School). SBDC ap ofri mèt biznis yo konsey sou kijan pou yo abòde nouvo pwogram federal 10 mil dola prè pou ti biznis yo e yo ap ede ak anpil lòt kesyon tou.

  1. New Jersey Kòporasyon pou Devlopman ti Biznis (https://njsbdc.com/) Sitiye nan Rutgers-Newark, gen konseye ki ka pale avek ou antan mèt yon ti biznis e ede w abòde pwogram tankou nouvo program prè federal pou biznis ki frape pa viris la. Tanpri konprann nan moman kriz sa a resous yo genyen yo pa anpil – Men yo vle ede. https://njsbdc.com/coronavirus/

  2. Resous Leta: NJ otorite devlopman ekonomik--https://www.njeda.com/Press-Room/News-Articles/Press-Releases/NJEDA-Announces-New-Initiatives-to-Support-Busines

  3. Resous lokal: Newark—kès lajan 6 milyon dola-- https://www.nj.com/coronavirus/2020/03/heres-how-newarks-6m-economic-stimulus-plan-for-coronavirus-relief-will-be-funded.html

Anba lis sa a n ap ajoute plis resous. Tanpri kontakte nou si ou gen resous adisyonèl nou ka ajoute nan lis la pou biznis lokal yo.


Resous: